Kat Debi – Kesyon Moun Poze Souvan: Frequently Asked Questions

Kat Debi – Kesyon Moun Poze Souvan: Frequently Asked Questions

Jeneral

Kisa kat debi pou avantaj Asirans Chomaj ye?

Yon kat debi se yon kat labank ki sèvi nan tranzaksyon an lajan kach. Kat debi ou resevwa pou Asirans Chomaj (Unemployment Insurance) travay tankou lòt kat debi yo. Li pèmèt ou pran avantaj ou nan:

  • Gichè Otomatik (Automated Teller Machine, ATM) yo, ak
  • Bank ki afilye avèk MasterCard.

Kat debi a pèmèt ou depanse avantaj ou yo tou dirèkteman nan lokal Pwen Lavant (Point-of-Sale, POS) detayan, epitou li pèmèt achte sou kòmann sou entènèt, nan telefòn, ak pa lapòs.

Kat debi yo gen plis sekirite pase chèk yo. Paske yo gen logo MasterCard sou yo, lajan an garanti. Se sèlman Depatman Travay (Department of Labor) ki kapab depoze lajan nan kont kat debi a. Ou dwe gen ase lajan sou kont kat debi ou pou ou kapab ache oswa pou pran lajan kach.


Ki lòt chwa mwen genyen pou mwen resevwa avantaj yo?

Ou kapab mande pou nou fè depo dirèk avantaj ou yo nan kont kouran pèsonèl ou. Enskri pou depo dirèk nan kont ou sou entènèt sou sitwèb: labor.ny.gov/signin.

 

Kilè m ap resevwa kat debi mwen?

Apre ou depoze yon reklamasyon pou Asirans Chomaj avèk Depatman Travay, ou ta dwe resevwa yon kat debi nan twazyèm semèn reklamasyon ou. Si gen nenpòt pwoblèm sou reklamasyon ou, li ka pran plis tan.

Pou rezon sekirite, w ap resevwa kat debi ou nan anvlòp òdinè blan. Tanpri siveye li nan lapòs. Pa jete li (menmsi ou enskri pou depo dirèk). Lè ou resevwa kat ou, rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou aktive li.
 

Kilè mwen pral kòmanse resevwa avantaj mwen yo?

Apre ou aplike pou avantaj Asirans Chomaj pou premye fwa, l ap pran apeprè twa (3) semèn pou ou resevwa premye avantaj ou yo. Apre sa, nan pifò ka yo, nou transfere avantaj yo nan kont kat debi ou nan de (2) a twa (3) jou ouvrab apre ou reklame avantaj ou yo chak semèn.


Kisa pou mwen fè si mwen panse peman mwen anreta?

Toudabò ou dwe chèche konnen si nou te voye peman avantaj ou. Pou konnen si nou te voye yon peman ba ou:

  • Konekte nan kont NY.Gov ID ou, 
  • Klike sou Sèvis pou Chomaj sou Entènèt (Unemployment Services Online), epi
  • Klike sou ikòn nan pou wè lis peman ou resevwa deja.

Si nou te voye peman an, tcheke kont kat debi ou sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL oswa rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955.

Sonje, anjeneral, li pran omwen twa (3) semèn pou resevwa premye peman avantaj ou. Avantaj yo kapab pran reta tou lè gen yon jou ferye federal. Si ou toujou kwè peman avantaj ou anreta, rele Sant Reklamasyon nan Telefòn (Telephone Claims Center) nan nimewo (888) 209-8124.


Èske mwen gen pou aktive kat la anvan mwen itilize li?

Wi. Lè ou resevwa kat debi ou pa lapòs, ou dwe rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (888) 295-2955 pou aktive kat ou. Pou aktive kat ou, ou dwe chwazi yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (Personal Identification Number, PIN) 4 chif, epi w ap antre chif yo sou klavye a nan magazen yo ak nan ATM yo. W ap bezwen PIN ou tou pou gen aksè nan enfòmasyon sou kont ou sou entènèt sou sitwèb Key2Benefits.com/NYSDOL. PIN sa a pa ta dwe se menm avèk PIN ou itilize pou moun ki fè reklamasyon Asirans Chomaj, ki se yon nimewo ki gen kat (4) chif tou.


Kisa k ap pase si adrès mwen chanje?

Ou dwe ban nou nouvo adrès ou. Pou fè sa:

  • Konekte avèk NY.Gov ID ou epi klike sou Sèvis pou Chomaj sou Entènèt (Unemployment Services Online),
  • Klike sou ikòn nan pou reklame avantaj yo chak semèn, answit chwazi Kontinye (Continue) nan anba paj-ekran an, epi
  • Klike sou bouton Chanje Adrès/Nimewo Telefòn (Change Address/Telephone Number).

Rele Sant Reklamasyon nan Telefòn nan nimewo (888) 209-8124 si ou bezwen chanje adrès ou, men ou p ap reklame avantaj yo nan moman an.

Apre pi antre Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) ou ak Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Asirans Chomaj ou sou klavye-a-touch la, epi apre sistèm nan konfime yo, koute chwa ki di, "pou chanje non ou, adrès ou oswa nimewo telefòn ou, peze 1."

Ou dwe rele Sèvis Kliyantèl KeyBank tou nan nimewo (866) 295-2955 pou chanje enfòmasyon kontak ou.


Kijan mwen kapab wè enfòmasyon sou etadkont mwen chak mwa ak lòt enfòmasyon sou kont kat debi mwen?

Pou wè enfòmasyon sou etadkont ou chak mwa ak lòt enfòmasyon sou kat debi ou sou entènèt, ale sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL. Premye fwa ou konekte, w ap bezwen nimewo kat debi ou ak PIN kat (4) chif ou. W ap gen pou chwazi yon ID itilizatè ak modpas tou pou konekte pidevan.

Ou kapab mande etadkont yo sou papye chak mwa nan kont ou sou entènèt sou sitwèb: www.Key2Benefits.com/NYSDOL. Lè ou konekte, w ap wè Paj-Ekran Enfòmasyon sou Moun ki Gen Kat la (Cardholder Information Page). Nan paj-ekran sa a, chanje preferans ou an Lis Tranzaksyon sou Papye (Paper Transaction History). Ou ka rele Sèvis Kliyantèl KeyBank tou nan nimewo (866) 295-2955 pou fè demann sa a.

Pa gen frè pou peye pou etadkont sou papye yo.
Lè ou chwazi pou resevwa etadkont yo sou papye, w ap resevwa yon etadkont sou papye chak mwa jouk lè ou fèmen fonksyon sa a nan kont Key2Benefits ou entènèt oswa depi ou rele Sèvis Kliyantèl KeyBank.


Kijan mwen kapab pwouve m ap resevwa avantaj Asirans Chomaj?

Ou ka revize ak enprime detay peman avantaj ou nan reklamasyon ou nan moman an apre ou konekte avèk NY.GOV ID ou epi apre ou klike sou Avantaj pou Chomaj.

Frè pou Peye pou Itilize Kat la

Èske gen yon frè pou peye pou aktive kat debi mwen?

Pa gen frè aktivasyon pou peye.

Èske gen yon frè pou peye itilize kat debi mwen?

Ou kapab itilize kat debi ou pou pran lajan kach, gratis, nan plis pase 46,000 ATM KeyBank, First Niagara Bank ak Allpoint nan Etazini.

KeyBank ap fè ou peye $1.50 pou chak fwa ou pran lajan deyò rezo a, plis nenpòt pwopriyetè ATM ki deyò rezo a fè ou peye. Ale sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL pou jwenn detay yo.

Ou ka itilize kat debi ou tou pou achte nan anpil milyon biznis ki aksepte kat debi MasterCard. Kèk biznis, kòm boutik ki vann manje angwo, ap pèmèt ou pran lajan kach avèk sa ou achte a. Men sa pou mande kesye a anvan ou kòmanse tranzaksyon ou:

  • Èske gen yon frè pou sèvis sa a?
  • Ki limit lajan mwen kapab pran avèk acha a?

KeyBank pa reklame yon frè pou acha an detay yo, menm lè ou lajan ansanm avèk sa ou achte a.
 

Ki pi bon fason pou evite peye frè pou gen aksè nan lajan mwen?

Pou evite peye frè, swiv balans kont ou. Men sa ou kapab fè:

  • Sou sitwèb KeyBank: www.Key2Benefits.com/NYSDOL
  • Nan nenpòt ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint, oswa
  • Depi ou rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955.

Ou ka pran lajan kach gratis:

  • Nan nenpòt ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint, epi
  • Depi ou ale kote yon kesye nan nenpòt bank ki montre yo gen logo MasterCard.

Pou jwenn yon ATM ki pi pre ou, itilize lokalizatè ATM nan sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL.

Finalman, ou ka itilize kat debi ou tou pou achte nan anpil milyon biznis (ki rele lokal Pwen Lavant) ki aksepte MasterCard.


Ki diferans ki genyen ant frè tranzaksyon ak yon frè anplis?

KeyBank reklame frè tranzaksyon pou itilizasyon kat debi nan ATM ki deyò rezo a. Gen yon frè $1.50 pou chak fwa ou pran lajan nan yon ATM ki deyò rezo a nan Etazini ak yon frè $3.00 dola pou chak fwa ou itilize yon ATM entènasyonal.

Yon frè anplis se yon frè pwopriyetè ATM nan reklame si se pa yon ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint. Pifò pwopriyetè ATM ki deyò rezo KeyBank ap reklame yon frè pou itilizasyon machin yo. Frè sa yo ka pa menm. Poutèt sa, tcheke balans kont ou epi planifye davans. Pifò ATM yo ap fè ou konnen kantite lajan frè a davans epi y ap mande ou pou aksepte frè a anvan ou kontinye avèk tranzaksyon an.


Èske m ap gen pou peye frè anplis ATM?

Sa depannde fason ou chwazi pou gen aksè nan lajan ou. KeyBank fè yon sèl avèk rezo ATM First Niagara Bank ak Allpoint, sa ki vle di ou kapab itilize kat debi ou san ou pa peye frè anplis nan plis pase 46,000 ATM KeyBank, First Niagara Bank ak Allpoint tout kote nan peyi a. Ou kapab pran lajan gratis nan kontwa nan bank ki montre logo MasterCard. 

KeyBank ap reklame yon frè tranzaksyon $1.50 dola pou retrè lajan ou fè nan ATM ki deyò rezo a. Pwopriyetè ATM nan ka reklame yon lòt frè anplis. Yon tranzaksyon ki gratis nan ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint, oswa avèk yon kesye nan yon bank ki montre logo MasterCard kapab koute ou plis pase $1.50 dola nenpòt lòt kote.

Tanpri sonje nan ATM Allpoint yo, ou dwe peze "WI" pou aksepte frè anplis la epi pou kontinye avèk tranzaksyon ou.

  • Yo p ap fè ou peye frè a.
  • P ap gen yon frè k ap soti nan kont ou.
  • Tcheke resi ATM ou pou verifye a.

Pou jwenn adrès ATM ki pi pre ou, ale sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL.

Pwopriyetè anpil lòt ATM reklame yon frè anplis, poutèt sa swiv balans ou. Si ou itilize yon ATM ki gen yon frè anplis, ou dwe peye frè a. Pou evite peye frè ATM si pa gen yon ATM nan rezo a ki toupre ou:

  • Depi ou ale kote yon kesye nan nenpòt bank ki montre yo gen logo MasterCard, epi
  • Pran lajan nan kont ou nan men kesye a san frè.


Èske gen yon frè pou peye pou mwen itilize yon ATM ki ba KeyBank?

Retrè nan ATM ki pa ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint koute $1.50 dola pou yo chak. Frè pou retrè yo nan ATM entènasyonal se $3.00 dola. Pwopriyetè ATM nan ka reklame yon lòt frè anplis. Pifò ATM yo ap fè ou konnen frè a davans, epi y ap mande ou pou aksepte frè a anvan ou kontinye avèk tranzaksyon an.

 

Konbyen fwa mwen kapab pran lajan nan ATM gratis?

Ou gen yon kantite fwa san limit pou pran lajan ou gratis nan:

  • Nenpòt ATM KeyBank, First Niagara Bank ak Allpoint, epi
  • Yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard.


Èske gen yon frè pou peye si mwen itilize yon ATM ki deyò Etazini?

Gen yon frè $3.00 dola pou chak fwa ou pran lajan nan yon ATM ki deyò Etazini.

 

Èske gen yon frè pou mwen peye pou tcheke balans kont mwen?

Ou kapab tcheke balans kont ou gratis:

  • Nan tout ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint,
  • Nan nenpòt ATM ki deyò rezo a,
  • Depi ou rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955, oswa
  • Depi ou konekte sou sitwèb KeyBank nan: www.Key2Benefits.com/NYSDOL.

 

Èske gen yon frè pou mwen peye pou pran lajan kach nan men yon kesye labank?

Pa gen frè pou peye pou pran lajan kach si ou ale devan yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard. Tanpri sonje: kesye ap p ap kapab wè balans kont ou, poutèt sa w ap gen pou bay li yon kantite lajan egzat pou pran. Si ou mande li pou pran plis pase sa ki nan kont ou, w ap jwenn refi pou tranzaksyon an.

 

Èske gen nenpòt frè pou peye nan lokal Pwen Lavant yo?

Ou kapab itilize kat debi ou san ou pa peye yon frè pou achte nan nenpòt lokal ki montre logo MasterCard.


Èske gen yon frè pou mwen peye pou pran lajan kach nan yon lokal Pwen Lavant?

KeyBank pa reklame yon frè pou pran lajan kach nan tèminal Point-of-Sale yon detayan. Men, lokal detayan an ka fè ou peye yon frè pou pran lajan kach. Ou ta dwe mande enfòmasyon sou nenpòt frè anvan ou kontinye avèk tranzaksyon an.


Èske gen yon frè pou mwen peye si kat debi mwen jwenn refi poutèt pa gen

Pa gen frè pou tranzaksyon ou fè nan Pwen Lavant oswa nan ATM ki ba ou refi poutèt lajan an pa ase nan kont ou.


Ki kote mwen kapab jwenn yon lis frè yo okonplè?

Gen yon lis frè okonplè sou papye ki te vini ansanm avèk kat debi ou. Ou kapab revize frè yo sou entènèt tou sou sitwèb: www.Key2Benefits.com/NYSDOL.

Kote Ou Kapab Itilize Kat la

Ki kote mwen kapab itilize kat debi mwen?

Ou kapab itilize kat debi ou pran lajan kach gratis nan plis pase 46,000 ATM KeyBank, First Niagara Bank ak Allpoint nan Etazini. Pou jwenn yon ATM ki toupre ou, itilize lokalizatè ATM nan sou sitwèb: www.Key2Benefits.com/NYSDOL.

Si ou itilize kat debi ou nan yon ATM ki pa yon ATM KeyBank, First Niagara Bank oswa Allpoint, frè a se $1.50 dola pou chak fwa ou pran lajan. Frè a se $3.00 dola pou chak fwa ou pran lajan nan ATM entènasyonal yo (plis yon frè konvèsyon lajan ki se 3%).

Ou kapab itilize kat debi ou tou pou pran lajan gratis nan gichè yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard. Yo aksepte MasterCard tou nan anpil santèn biznis kote ou kapab achte epi pafwa pran lajan kach ansanm avèk sa ou achte a. Kantite lajan kach ou kapab pran lè ou achte pa menm selon magazen an. Magazen an ka fè ou peye yon frè pou pran lajan kach la tou. Sonje pou mande anplwaye a enfòmasyon sou nenpòt frè anvan ou kòmanse tranzaksyon ou.
 

Èske mwen kapab jwenn avantaj mwen yo an lajan kach oswa an chèk nan men yon kesye labank?

Ou kapab pran avantaj ou yo an lajan kach nan gichè yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard. W ap bezwen montre kesye a kat debi ou, epi li ka mande pou wè ID foto ou. Anjeneral, kesye a ap sèlman gen pèmisyon pou ba ou lajan kach, pa yon chèk.

Tanpri sonje: kesye ap p ap kapab wè balans kont ou, poutèt sa w ap gen pou bay li yon kantite lajan egzat pou pran. Si ou mande li pou pran plis pase sa ki nan kont ou, w ap jwenn refi pou tranzaksyon an.
 

Èske mwen kapab itilize kat debi mwen nan nenpòt bank?

Ou ka pran lajan kach san frè nan gichè kesye nenpòt bank ki montre logo MasterCard. Sa gen ladan lokal KeyBank yo. W ap bezwen montre kesye a kat debi ou epi li mande pou wè ID foto ou.
 

Èske mwen kapab pran lajan kach nan yon tèminal Pwen Lavant?

Kèk vandè ap kite ou pran lajan kach ansanm ak sa ou achte a dapre PIN (debi) ou. Pa egzanp, pifò boutik ki vann manje angwo pèmèt ou fè sa. Men, kantite lajan kach y ap kite ou pran ak frè y ap fè ou peye yo p ap menm selon boutik la. Sonje pou mande anplwaye a oswa kesye a enfòmasyon sou règleman yo anvan ou fè tranzaksyon ou.


Èske gen nenpòt fason pou konvèti avantaj mwen yo an yon chèk?

Gen anpil fason ou kapab konvèti avantaj ou yo an yon chèk:

  • Konekte sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL epi itilize fonksyon Peman Bòdwo sou Entènèt (Online Bill Payment) pou fè yon peman ba yon lòt moun. Si ou pa gen yon nimewo kont pou moun w ap peye a, ou kapab senpleman antre non li ak kantite lajan ou vle peye a. KeyBank ap fè yon chèk epi y ap voye li pa lapòs ba moun nan sou non ou.
  • Si ou gen yon kont kouran pèsonèl, konekte sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL epi transfere lajan an nan kont kouran ou. W ap bezwen bay nimewo kont ou, nimewo idantifikasyon bank lan, kalite kont lan ak kantite lajan ou vle transfere a. Answit, ou kapab ekri yon chèk nan kont kouran ou.
  • Achte yon chèk labank nan nenpòt bank avèk lajan kach ou pran nan yon ATM oswa nan gichè yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard.
     

Kisa pou mwen fè si pa gen filyal KeyBank kote m ap viv la?

Ou kapab ale nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard pou pran avantaj ou yo nan kont ou an lajan kach gratis. W ap bezwen ale nan gichè yon kesye epi w ap bezwen montre li kat debi ou. Kesye a ka mande pou wè ID foto ou.
 

Ki rezo ATM ki aksepte kat debi?

Tout rezo KeyBank, First Niagara Bank ak Allpoint yo aksepte kat debi san frè.


Èske li pi bon pou itilize yon ATM Allpoint parapò ak yon ATM KeyBank oswa First Niagara?

W ap jwenn ATM Allpoint yo nan magazen detayan toupatou nan eta a, pa nan bank yo. Selon kote ou ye a, ou ka jwenn ou gen pi bon aksè nan ATM Allpoint yo.

Enfòmasyon sou Kat Debi

Kisa mwen ta dwe fè si mwen pèdi kat debi mwen?

Si kat debi ou pèdi, si yo vòlè li oswa si kat debi a domaje, rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 epi y ap voye yon nouvo kat ba ou pa lapòs. Kat ou ap rive ant sèt (7) ak dis (10) jou ouvrab. KeyBank ofri kat ranplasman an gratis pandan chak ane almannak. Lòt kat ranplasman yo ap koute $5 dola pou chak kat. Si ou chwazi livrezon kat ranplasman ou nan sèvis eksprès, gen yon frè $15 dola pou sèvis sa a.


Kijan m ap konnen kantite lajan mwen genyen sou kat debi mwen?

Pou jwenn balans kont kat debi ou:

  • Tcheke li sou sitwèb KeyBank ki an sekirite ak pwoteje nan: www.Key2Benefits.com/NYSDOL,
  • Rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955, oswa
  • Tcheke li (gratis) nan nenpòt ATM.


Èske mwen kapab jwenn alèt sou kont kat debi mwen?

Wi, ou kapab resevwa mesaj nan tèks oswa alèt nan imèl avèk enfòmasyon sou kont ou, tankou:

  • Avantaj ki depoze yo (lajan ki ajoute),
  • Balans kont ki ba oswa ki gen zewo,
  • Tranzaksyon ki refize, epi
  • Fwod nou sispèk.

Ou kapab pwograme alèt ou ta renmen jwenn yo depi ou konekte sou sitwèb www.Key2Benefits.com/NYSDOL epi depi ou chwazi “Alèt" ("Alerts”) nan meni prensipal la.


Konbyen lajan mwen kapab pran nan yon ATM?

Ou kapab pran yon maksimòm $1,500 dola pa jou nan nenpòt ATM avèk kat debi ou. Men, ka gen yon limit ki pi ba sou ATM endividyèl la.

Ou kapab pran yon maksimòm $7,000 dola pa jou nan yon gichè kesye labank nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard. Ou p ap kapab pran yon kantite lajan ki pi plis pase sa balans kont ou gen ladan nan yon ATM oswa nan yon gichè kesye labank.


Kisa pou mwen fè si mwen bliye PIN mwen?

Si ou bliye PIN kat debi ou, rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou kreye yon lòt. Ou ta dwe chwazi chif ki fasil pou ou sonje, men ki difisil pou lòt moun vin konnen.


Kisa pou mwen fè si PIN mwen antre a pa kòrèk?

Lè ou gen pwoblèm pou sonje PIN kat debi ou, pa eseye sipoze lè w ap antre li nan yon tèminal Pwen Lavant oswa nan yon ATM. Si ou antre PIN kat debi ki pa kòrèk, ou gen de (2) lòt chans pou antre nimewo ki kòrèk la.

Apre ou antre PIN ou twa (3) fwa san li pa kòrèk, n ap bloke kont ou. Nenpòt tranzaksyon w ap eseye fè apre sa p ap travay, menmsi ou antre PIN ki kòrèk la.

W ap gen pou swa rete tann kont ou vin debloke, k ap pran 24 èdtan, oswa ou kapab rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou yo debloke kont lan.


Kisa pou mwen fè si kat debi mwen pa travay?

Si Kat Peman Dirèk ou pa travay, tanpri asire ou:

  • Te aktive kat la, epi
  • Gen yon balans sou kont lan.

Si yon ATM pa aksepte kat ou, eseye yon lòt ATM. Premye ATM nan ka anpàn oswa li ka pa nan rezo ki aksepte kat la. Si Kat la toujou pa travay, rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou mande èd.


Konbyen fwa mwen kapab achte pa mwa?

Ou kapab fè yon kantite acha nan Pwen Lavant san limit pa mwa. Ou kapab itilize kat debi ou toutotan gen lajan sou kont lan pou peye kantite lajan sa ou achte a. Sonje pou swiv balans ou.


Kisa k ap pase si mwen eseye achte epi pa gen ase lajan sou kont mwen?

Nan pifò ka yo, si pa gen ase lajan sou kont ou pou peye pou sa ou achte a, tranzaksyon an p ap apwouve. Nan kèk sikonstans limite, si ou pa gen ase lajan lè ou peye kantite lajan final la, sa ka lakòz ou gen yon balans negatif. Si sa rive, ou p ap peye yon frè pou balans negatif. Men, depo k ap fèt pi devan an ap konpanse balans negatif la.

 

Gen mwens pase $20 dola sou kont mwen - kijan pou mwen jwenn li si ATM egzije pou lajan m ap pran se miltip $20?

Si gen mwens pase $20 dola sou kont ou, ou kapab jwenn balans sou kont ou gratis nan gichè yon kesye nan nenpòt bank ki montre logo MasterCard. Tanpri sonje: kesye ap p ap kapab wè balans kont ou, poutèt sa w ap gen pou bay li yon kantite lajan egzat pou pran. Si ou mande li pou pran plis pase sa ki nan kont ou, w ap jwenn refi pou tranzaksyon an.

Ou kapab depanse lajan sa a tou nan nenpòt Pwen Lavant ki aksepte MasterCard.

 

Mwen pa resevwa avantaj yo ankò. Kisa pou mwen fè avèk kat debi a?

Kad debi ou valab pou twazan. Menmsi ou pa touche avantaj yo ankò, ou ta dwe konsève kat debi a nan yon kote ki pwoteje pou sizoka ou bezwen reklame avantaj yo ankò. Si ou kenbe kat la sa ap ede ou jwenn avantaj yo pi vit sou reklamasyon pidevan yo.

 

Èske mwen bezwen yon nouvo kat debi chak dwa mwen aplike pou avantaj yo?

Non. Li bon pou twazan. Menmsi ou p ap resevwa avantaj y nan moman an, ou ta dwe kenbe kat la nan yon kote ki pwoteje. L ap re-aktive avèk menm PIN nan si nou apwouve ou pou Avantaj Asirans Chomaj nan yon dat apre.

 

Kisa pou mwen fè lèt kat debi mwen ekspire oswa si mwen pèdi li?

Si ou t ap itilize kat debi ou san pwoblèm, KeyBank ap voye yon kat ranplasman otomatikman pou ou pa lapòs. Si ou pa resevwa yon kat ranplasman, rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou mande yon nouvo kat. Sonje pou verifye adrès ou avèk KeyBank lè w ap fè kòmann yon kat ranplasman.

Si ou te depoze yon nouvo reklamasyon pou avantaj Asirans Chomaj oswa si ou toujou gen yon balans ou pa depanse sou kat o, men ou:

  • Te pèdi kat la,
  • Te jete kat la, oswa
  • Gen yon kat ki ekspire (depi plis pase twazan).

Tanpri rele Sèvis Kliyantèl KeyBank nan nimewo (866) 295-2955 pou mande yon nouvo kat.